Politik Konfidansyalite
1. Enfòmasyon nou kolekte
Lè ou kreye yon kont, nou kolekte :
- Non itilizatè ak adrès imèl ou
- Kontni ou pibliye (pòs, kòmantè, vòt...)
- Foto pwofil ou si ou chwazi mete youn
Pou konte lekti yon pòs san konte menm moun lan de fwa, nou kenbe yon anprent chifre (adrès IP + navigatè, ak yon sèl sekrè) pandan 3 jou maksimòm. Anprent sa a pa ka di ki moun ou ye.
2. Kijan nou itilize enfòmasyon ou
Nou itilize enfòmasyon ou pou :
- Fè kont ou fonksyone
- Voye notifikasyon ki enpòtan pou ou
- Amelyore eksperyans ou sou platfòm lan
3. Nou pa vann enfòmasyon ou
Nou pa vann, pataje, oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay twazyèm pati pou rezon komèsyal.
4. Sèvis twazyèm pati
Tripotay itilize kèk sèvis ekstèn pou ede platfòm lan fonksyone epi amelyore eksperyans ou :
- Cloudinary : pou estoke imaj
- Cloudflare : pou sekirite, CDN, DNS ak SSL
- Railway : pou ebèjeman
- Resend : pou voye imèl (verifikasyon, notifikasyon)
- Google : opsyon koneksyon (si ou chwazi'l), Google Analytics (sèlman si ou aksepte cookies yo), ak Firebase Cloud Messaging pou notifikasyon sou app Android lan (si ou aktive yo)
- Facebook : koneksyon pou kont ki te deja konekte avè l
Kèk nan sèvis sa yo ka kolekte done teknik (tankou adrès IP, navigatè, paj vizite). Chak sèvis gen pwòp politik konfidansyalite pa yo.
5. Itilizasyon cookies
Nou itilize cookies ak lòt teknoloji menm jan an pou :
- Fè sit la mache byen
- Sonje sesyon ou
- Analize kijan moun itilize platfòm lan
Ou ka kontwole oswa efase cookies atravè paramèt navigatè ou.
6. Konbyen tan nou kenbe done ou
Nou kenbe enfòmasyon ou sèlman pou tan ki nesesè pou fonksyonman sèvis la oswa pou respekte obligasyon legal yo.
Ou ka mande efase kont ou nenpòt ki lè.
7. Sekirite & Pwoteksyon done
Nou pran vi prive ou trè serye. Nou kolekte sèlman enfòmasyon ki nesesè pou sèvis la fonksyone, epi nou pa pataje yo ak twazyèm pati san konsantman ou.
Nou itilize mezi sekirite modèn pou pwoteje done ou kont aksè san otorizasyon, chanjman, oswa efase.
Nou ankouraje ou itilize modpas ki fò e inik, epi pou pa pataje enfòmasyon kont ou ak lòt moun.
Si ou remake nenpòt aktivite sispèk sou kont ou, tanpri kontakte nou imedyatman.
8. Dwa ou
Ou ka mande pou :
- Wè enfòmasyon nou genyen sou ou
- Korije enfòmasyon ki pa kòrèk
- Efase kont ou nenpòt ki lè
9. Fonksyonman offline ak teknoloji PWA
Tripotay fèt pou mache byen sou nenpòt aparèy : telefòn, tablèt, oswa òdinatè. Ou ka enstale aplikasyon an (PWA) sou nenpòt sistèm (iOS, Android, MacOS, Windows). Ou ka kontinye itilize kèk pati nan sèvis la menm lè ou pa gen entènèt.
Pou sa posib, nou itilize teknoloji tankou service workers ki ka estoke kèk done tanporèman sou aparèy ou (paj, imaj, kontni) :
- Sa ede sit la chaje pi vit
- Li pèmèt ou itilize kèk fonksyon offline
- Li amelyore eksperyans ou an jeneral
Done sa yo rete sou aparèy ou epi ou ka efase yo nenpòt ki lè atravè paramèt navigatè ou oswa lè ou dezenstale aplikasyon an.
10. Aplikasyon Android
App Tripotay sou Android louvri menm sit la (tripotay.me) : menm kont, menm règ, menm done. Anplis :
- Notifikasyon : si ou aktive yo, nou kenbe yon idantifyan teknik pou telefòn ou (jeton Firebase) pou nou ka voye notifikasyon ou chwazi nan Paramèt yo. Nou efase l lè ou dekonekte oswa lè ou dezenstale app la.
- Kamera ak foto : app la louvri kamera oswa galri ou sèlman lè ou peze pou ajoute yon foto. Se sèlman foto ou chwazi a ki voye, epi sèlman lè ou pibliye l.
App la pa li kontak ou, pozisyon ou, ni lòt fichye sou telefòn ou.
11. Efase kont ou
Ou ka efase kont ou nenpòt ki lè, sou sit la oswa nan app la : Paramèt → Jere kont mwen → Efase kont mwen (tripotay.me/pwofil/kont/, apre ou konekte).
Lè ou efase kont ou, nou efase imèl ou, foto pwofil ou, vòt ou, abònman ou, meday ou, notifikasyon ou ak telefòn ki te anrejistre pou notifikasyon. Pòs ak repons ou yo rete pou diskisyon yo pa koupe, men yo parèt « Kont efase », san non ou.
Si ou pa ka konekte ankò, ekri nou nan [email protected] ak adrès imèl kont lan, n ap efase l pou ou.
12. Kontakte nou
Pou nenpòt kesyon sou konfidansyalite, ekri nou : [email protected].