Ou pa konekte. Ou ka kontinye li sa ki deja chaje.

Rara nan kè Konpa dirèk la

Konpa dirèk la se yon souf, Yon vag kap monte, kap desann Sou rivaj tan an Li pa gentan pou’l dòmi, Lap swiv van an, Li chanje koulè tankou syèl la lè solèy ap kouche.  Yo te di li bliye rasin li, Yo te di li pèdi memwa Men anba chak nòt, Gen kè kap bat an sekrè... Yon vwa lwen  Se rara a.  Ritm kongo, ibo, nago Leve tankou zanzèt kap pale, Yo sikile nan mizik la Tankou dlo kap chèche lanmè.  Konpa a tande yo. Li reponn.  Ant yè ak jodi a, Tout bagay makonnen ansanb Nan yon sèl souf.
0 Repons

0 Repons

Pako gen repons.

Ou ka premye moun ki antre nan diskisyon an.