Mw gade yon fim ki rele Alelouya sou youtube talè a, mgen enpresyon reyalizatè te vle fè yon fim pou kritike relijyon ak jan kèk moun ka pwofite de sistèm nan. Men mesaj la pa rive pase jan li ta swete a.
Fim nan vin tounen yon komedi ki fè twòp bri, twòp blag, san li pa janm pran tan pou fè moun reflechi. Ou santi reyalizasyon an ap fòse bagay yo, li vle enpresyone plis pase li vle di yon bagay ki gen sans. Menm aktè yo, tankou yap pouse chak sèn olye yo kite li mache natirèlman.
Fim nan chaje ak efè, men li vid. Ou ri, wi… men lèw fini gade l, ou pa kenbe anyen serye.
An rezime anpil pale, anpil bri… men yon pa gran choz pouw reflechi de mesaj mw fim lan te vlé pase
Efase sa a ?
Bloke ?
Ou p ap wè pòs ak repons li ankò, epi li p ap ka wè pa w, reponn ou, ni swiv ou. Li p ap konnen ou bloke l. Ou ka debloke l nan Paramèt.
Rapòte la
Kisa ki pa bon ladan l ? Siyalman an rete prive : moun nan p ap konnen se ou.
Mèsi. Nou resevwa siyalman an.
Ekip la ap gade sa byento. Si la pa respekte règ kominote a, n ap retire l.
2 Repons
Kote ou te ou menm dat vye film sa soti se Kounye a ou resi gadel
franchement